Omwen 3 timoun ki se pitit ayisyen ki rete nan Ohio resevwa lèt konvokasyon pou prezante devan otorite imigrasyon ameriken yo, daprè James P. Fleurijean, yon manm òganizasyon Haitian Community Help & Support Center, ki baze nan Springfield. Daprè James Fleurijean, timoun yo gen 4, 8 ak 12 lane.
Enfòmasyon sa a deja soulve enkyetid nan kominote ayisyen an, sitou akoz laj timoun yo.













