Yon avyon charter Depatman Imigrasyon ak Ladwàn Etazini ap pran direksyon Ayewopò Entènasyonal Okap jedi 10 septanm 2026, ak anviwon 70 migran ayisyen abò. Daprè enfòmasyon ki disponib, avyon an soti Alexandria, Louisiana, Ozetazini, epi li pase pa Miami, Florida, anvan li kontinye sou Ayiti. Vòl la idantifye kòm GXA6196. Selon sous ki swiv mouvman vòl depòtasyon ICE yo, avyon an ta dwe rive nan Okap nan jounen an.
Vòl sa a antre nan seri operasyon depòtasyon Etazini ap fè sou Ayiti e yo deja sou 4yèm vòl yo nan mwens ke yon mwa.













