Kriminèl ak zam t ap fè tantativ pou kidnape Robert Deeb PDG DK Group nan Dèlma 31 byen bonè jedi 10 septanm 2026 la. Erezman gen yon bakòp lapolis ki te tou prè, yon bandi tonbe pandan gen yon sivil ki mouri nan menm sikonstans la. Ravisè yo te nan yon machin plak prive ki imatrikile BB-58744. Dosye sa a mete gwo kè kase nan mitan popilasyon sivil la pliske chak maten komin Dèlma gen atak ladan l.
Okenn moun paka konprann rezon ki fè volim kidnaping nan ap monte wo konsa pandan lekòl apèn ouvri epi nèg yo ap pale de eleksyon.













