Samdi 5 septanm 2026, reprezantan Repiblik Dominikèn nan, Joheirry Mola Dominguez, ranpòte kouwòn Miss World 2026 la nan final konkou a ki te dewoule nan Vyetnam. Li te rive pran premye plas nan mitan sis finalis yo. Elisabeth Reynés Alabern, ki soti Espay, fini kòm premye finalis, pandan Taanusiya Chetty ki soti Malezi pran tit dezyèm finalis la. Joheirry Mola Dominguez gen yon diplòm nan jesyon ak administrasyon biznis. Li se pwofesè literati ak syans sosyal, korespondan laprès, epi li se fondatris òganizasyon Voices of Tomorrow.
Yon bèl viktwa pou Repiblik Dominikèn.













