Yon ajan sekirite meri Okap bat yon jounalis ki t ap filme yon entèvansyon ajan an t ap fè sou yon ti machann nan vil la. Daprè imaj ki sikile sou rezo sosyal yo, jounalis la t ap dokimante entèvansyon an lè ajan an vin agresif kont li, anvan li pase nan zak vyolans fizik sou pwofesyonèl laprès la. Ensidan sa a pa sanble yon ka izole. Nan plizyè okazyon, ajan sekirite Lameri Okap deja fè fas ak akizasyon ak kritik pou zak vyolans sou jounalis k ap fè travay yo.
Nouvo ka sa a relanse kesyon sou respè dwa pwofesyonèl laprès yo pandan y ap kouvri aktivite otorite yo nan espas piblik.













