Otorite lokal yo anonse sispansyon tanporè tout otorizasyon pou sikile ak zam nan vil Wanament, apati samdi 5 septanm 2026. Desizyon an soti nan yon pozisyon ansanm Delegasyon Nòdès la, Pakè Wanament, Meri Wanament ak Direksyon Depatmantal Polis Nòdès la. Mezi sa a vini nan yon kontèks kote sitiyasyon sekirite a rete yon gwo sous enkyetid pou popilasyon an. Prèske chak swa, sitwayen yo rapòte kout zam nan plizyè zòn nan vil la, pandan zak kriminèl yo kontinye ap repete. Daprè dispozisyon otorite yo, moun ki genyen otorizasyon pou pote zam pa gen dwa sikile avèk zam yo nan vil la pandan mezi a an aplikasyon. Okenn delè presi pa fikse pou sispansyon an pran fen.
Sepandan, otorite yo presize sitwayen yo ka toujou konsève zam yo lakay yo. Restriksyon an konsène sikilasyon zam nan espas piblik.













