Inite Depatmantal Mentyen Lòd (UDMO) ak Sèvis Depatmantal Polis Jidisyè (SDPJ) reyalize yon operasyon nan lokalite Bodmè komin Limonad, jedi 27 dawout la, anviwon 1è30 nan maten. Daprè Direksyon Depatmantal Nò PNH la, operasyon an te pèmèt fòs lòd touye 3 prezime bandi, pandan echanj kout zam. Pami yo ta gen yon moun yo idantifye sou non Sonn Jabessi, ki selon PNH la ta nan tèt yon gang epi ta enplike nan plizyè zak kriminèl nan komin nan.
PNH la di li kontinye mobilize fòs li yo nan kad operasyon k ap fèt pou ranfòse sekirite epi retabli lòd sou teritwa nasyonal la.













