Aprè dènye kanaj teworis yo fè sou popilasyon Kenskòf la, lapolis frape fò pou bay viktim yo jistis. Yo pran kèk dezisyon tankou fè plizyè pòs sou Facebook, voye kèk mo kondoleyans, yo bay yon konferans pou laprès menmsi pa gen bilan epi yo chanje komisè polis Kenskòf la. Sinyal sa yo vle montre aklè ke wo grade PNH la pa nan jwèt ak gang. Se tankou desizyon sa yo sifi pou retire teworis yo nan komin sa a.
Sèl gwoup ki ken kapasite jiskaprezan pou bay jistis se popilasyon an ankò.













