Anviwon 647 moun ki sòti nan 702 fanmi oblije kite kay yo aprè atak gang ame yo nan komin Kenskòf nan lannwit 23 pou rive 24 dawout la. Se sa Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (OIM) rapòte nan yon dokiman li pibliye yè mèkredi 26 dawout. Daprè OIM, plizyè lokalite nan Kenskòf te touche nan vyolans yo, pami yo sant vil la, ansanm ak Mòn Jak, ak Vilye, ki nan twazyèm seksyon kominal Soukay. OIM fè konnen 77% moun ki deplase yo jwenn refij lakay fanmi oswa pwòch yo nan Petyonvil. Lòt 23% yo ap viv nan 3 sit akèy, pami yo 2 sit ki te kreye aprè atak la ak yon lòt ki te deja egziste.
Sitiyasyon an mete plizyè santèn fanmi nan yon kondisyon difisil, pandan bezwen pou abri ak asistans imanitè ap ogmante nan zòn nan.























