Anviwon 70 Ayisyen pral rive Okap sou yon vòl depòtasyon daprè sa otorite yo anonse. Se nan ayewopò Entènasyonal Okap la moun sa yo ap desann maten jedi 27 dawout la. Daprè enfòmasyon ki disponib, avyon GlobalX ki opere pou pwogram depòtasyon ICE la te dekole depi Florid epi li prevwa ateri anvan midi. Vòl sa a make dezyèm depòtasyon Ayiti resevwa depi fen pwoteksyon TPS la.
Retou sa a relanse kesyon sou sitiyasyon plizyè dizèn fanmi ayisyen ki kontinye ap fè fas ak ensètitid apre chanjman politik migratwa ameriken yo.





















