Bervensley Ferdinand, yon timoun 8 lane ki te disparèt dimanch 23 dawout 2026 la, yo jwenn li mouri nan aprè midi lendi 24 dawout la, nan zòn rivyè Ikit. Daprè enfòmasyon ki disponib, yo dekouvri kò timoun nan pann ak yon kòd sou yon pye lam veritab. Dekouvèt sa a lage fanmi an ak kominote a nan gwo konstènasyon, pandan kesyon ap leve sou sikonstans ki antoure lanmò li.
Fanmi Bervensley Ferdinand lan, ki nan gwo doulè, mande pou limyè fèt sou dosye a. Li mande otorite yo mennen yon ankèt apwofondi pou detèmine sa ki te pase egzakteman epi etabli responsablite, si genyen.























