Plizyè ofisye ki fè pati Fòs Represyon Gang yo debake nan depatman Latibonit jounen jedi 6 dawout 2026 la selon Raphaël Clavanet Marado ki vis-delege awondisman an. Sòlda sa yo rive nan elikoptè selin vis-delege a. Yo pote anpil materyèl tankou cha blennde ak lòt ekipman men se sou lanmè yo pase avèk yo sa ki parèt trè sispèk. Vis-delege a pat bay chif egzat sou kantite sòlda ki rive ni li pa di si y ap rete pou lontan sou depatman an.
Depi lè Fòs Represyon Gang nan ap site nan peyi d Ayiti, se premye fwa yo kite depatman Lwès pou ale sou lòt depatman.













