Yon chofè moto pèdi lavi l sovajman sou wout Pèleren an maten mèkredi 5 dawout 2026 la. Selon yon temwen ki te sou plas, chofè moto a t ap tante double kamyon an epi li antre anba l. Chofè a mouri sou plas aprè l te fin frape ak kamyon an ki te sou liy pa li. Sa lakoz gwo blokis sou wout la maten an.
Dènye tan sa yo, aksidan sikilasyon repete anpil nan komin Petyonvil e sa koute lavi moun tou.













