Alòske depatman an ap fè fas ak yon gwo pwoblèm blakawout, premye minis defakto Alix Didier Fils-Aimé ap ponmennen distribiye lanpadè kèk kote nan vil yo. Olye pou gouvènman an chita sou pwoblèm kouran ki genyen an, se pwojè bidon li mete kanpe ki pa vrèman gen yon dirabilite.
Anpil sitwayen di gran Nò a se sèvis tankou elektrisite, lopital, lekòl, biznis ak kreyasyon travay li bezwen nan moman an.





















