Michel Joseph Martelly twouve l nan peyi Luis Abinader la kote li ale pou pase kèk jou nan vakans selon pwòch li. Ansyen prezidan an ki te deplase Ayiti nan mitan semèn nan pat ale Etazini men pito an Repiblik Dominikèn selon enfòmasyon pwòch li rapòte. Lidè PHTK a ta sipoze retounen Ayiti oubyen ale nan peyi Trump la ankò, selon enfòmasyon nou dispoze.
Ansyen prezidan Martelly, jis kounye a, pa gen okenn kontrekare valab ak lajistis ayisyèn paske li deplase jan l vle.













