Tiktokèz Ti Kreyòl jwenn arestasyon l ayè dimanch 2 dawout 2026 la e se Direksyon Santral Polis Jidisyè ki mare l. Arestasyon Ti Kreyòl la fèt paske l ta gen bon jan relasyon ak yon chèf gang nan kapital la. Sou rezo yo, anpil kòmantè ap fèt sou dosye sa a e gen moun ki menm di Laurie se fanm Chalè. Gen yon odyo l ki pran lari tou kote l t ap planifye pou al bay gang plezi ak lòt jèn fi.
Se pa premye fwa DCPJ ap arete jenn fi nan peyi a ki gen relasyon ak gang oubyen k ap fè antèn pou yo.





















