Selon kèk obsèvatè tankou Wadner Edouard, Alix Didier Fils-Aimé gen yon pati politik ki rele Viktwa ki pral patisipe nan eleksyon ki gen pou fèt yo. Chèf gouvènman defako a menm bay kèk pòs ak vis-delege epi majistra pou l ka gen kontwòl tèren an. Menmsi se pa li ki prale kòm kandida men PM nan ap chache mete moun pa l.
Gen anpil estrateji k ap mete sou pye la a pou abolotcho nan peyi sa a chache vire eleksyon ki dwe òganize yo nan enterè yo.





















