Chèf gouvènman defakto a, Alix Didier Fils-Aimé twouve l nan depatman Nò nan kad yon vizit 3 jou selon yon kominike ki rann piblik. Vizit sa a ta antre nan kad aktivite gouvènman an pou rankontre otorite lokal yo, evalye plizyè travay k ap fèt sou depatman an epi vizite kèk pwojè. Yon ti tan pèdi anplis pou kontinye boule lajan pandan peyi a ap plonje.
Selon responsab yo, vizit premye minis la ta antre nan kad yon repons ak kèk nan bezwen popilasyon sivil la.























