Guerline Joseph ki se yon militan dwa moun mande pou Alix Didier Fils-Aimé mennen yon pledwaye devan gouvènman ameriken an sou sa ki konsène TPS ayisyen yo Ozetazini. Nan yon entèvansyon li fè sou radyo Magik 9, Guerline Joseph deklare dirijan ayisyen yo dwe eksplike otorite amerikèn yo kòman ensekirite ak kriz imanitè a ap ravaje peyi a. Daprè li menm, okenn kondisyon pa reyini an Ayiti pou n resevwa moun y ap depòte.
Yon retou ayisyen sa yo nan peyi d Ayiti kapab vin plis ogmante kriz la.





















