61 ayisyen pami yo 15 fanm ak 46 gason ateri nan ayewopò Okap la madi 28 jiyè 2026 la. Se otorite nan peyi Bahamas ki depòte konpatriyòt sa yo. Daprè ONM, chak moun sa yo benefisye yon anvlòp 10 mil goud, yon plan manje ak lòt sipò pou ede yo rejwenn fanmi yo.
Moun sa yo denonse tou move trètman yo te sibi pandan yo te nan prizon nan peyi Bahamas.





















