Yon nouvo katèl minisipal antre ofisyèlman an fonksyon nan Meri Wanament, lendi 20 jiyè 2026, nan kad yon remanyeman administratif. Hervé Pierre ak Adeline Joseph, ki te deja manm ansyen katèl la, kontinye nan nouvo ekip la, pandan Vilard Florvil se sèl nouvo manm ki antre. Jose TIDÉ, li menm, pa fè pati katèl la ankò.
Enstalasyon an fèt an prezans plizyè otorite ak envite, pandan nouvo katèl la gen misyon pou kontinye jere zafè komin nan.













