Se Depatman d Eta Ameriken ki soti kominike sa a pou tout resòtisan ameriken ki ta renmen vizite Ayiti. Tèlman gouvènman ameriken an kalifye Ayiti pou peyi pa bon, li mande sitwayen l yo ekri testaman yo, kite echantiyon ADN yo nan men yon pwòch e menm dosye dan yo pou si yo ta mouri Ayiti. Se yon fason pou Leta ameriken di Ayiti se yon kote ki riske, se pa yon destinasyon moun dwe ale ditou.
Se menm Ayiti sa a gouvènman ameriken vle depòte ayisyen ki sou TPS yo vin ladan l e anplis yo di yo gen militè k ap goumen kont gang nan peyi a.













