Yon ekip fòs tchadyèn debake Pòtoprens jounen mèkredi 1e avril la. Yo rive nan kad fòs sipresyon gang yo jan sa te anonse depi semèn pase a. Yo gen avèk yo yon veteran Nasyon Zini e an menm tan diplomat sid-afriken Jack Christofides.
N ap raple Nasyon Zini te pwomèt FSG a pou mwa avril sa a.




















