ONU adopte yon rezolisyon ki pèmèt li aksepte e deklare trèt esklav afriken yo kòm krim ki pi grav ki anrejistre nan mond lan. Se nan yon Asanble Jeneral desizyon sa a pran e peyi manm yo mete aksan sou konsekans grav sa genyen sou plan istorik ak dirab sou kontinan afriken an kote plizyè milyon nwa te sakrifye malman.
Malgre rekonesans sa yo, kesyon diskriminasyon ak rasis la poko ap sispann nan mond lan.




















