Lovelie François, se youn nan jèn ki fè pati gouvènman Alix Didier Fils-Aimé a men se nan yon Direksyon Jeneral. A 32 lane, Lovelie ta dwe yon jèn ki trase egzanp pou voye yon sinyal klè pou tout lòt jèn kòripsyon ap fini ak karyè yo nan peyi a. Jèn direktris ONA a gen yon diplòm nan Kontabilite Piblik nan Alabama State University. Anpil moun panse l ta dwe bay rezilta si 2 men l pa deja mare.
Jèn yo gen plas yo se vre men gouvènman yo ladan l yo twò pouri nan move zak.




















