André Muscadin, youn nan gran figi legliz pwotestan nan peyi d Ayiti e k ap dirije legliz “Shalom Tabernacle de Gloire” anonse l ap kandida pou prezidan nan pwochen eleksyon yo nan peyi d Ayiti. Li fè anons sa a ayè dimanch 22 mas 2026 la, sou chè legliz la. Anons sa a deja pote yon lòt apwòch sou koze politik la e anpil kesyon kòmanse poze sou chwa sa a lidè relijye a fè a.
Kounye a rete pou konnen si l prale endepandan oubyen anba banyè yon pati politik.




















