Zòn estad Sylvio Cator, avni Bòlòs ak Pòtay Leyogàn, anpil bandi tonbe jounen mèkredi 18 mas 2026 la. Kout zam blayi devan dèyè ant plizyè inite nan PNH la zèfèyis yo selon yon kominike wo grade a mete deyò. Anplis de sa, polisye yo debare epi netwaye anpil kote kriminèl yo te bloke yon fason pou yo ka libere espas yo.
Gen 7 blennde ak yon bulldozer ki deplwaye pou netwayaj sa yo ka posib.






















