Arnel Bélizaire jwenn arestasyon l nan otèl Oasis Petyonvil nan fen jounen samdi 14 mas 2026 sa a. Se DCPJ ki arete l pou finansman teworis, konplo kont Leta ak asosiyasyon malfèktè. Ansyen depite Dèlma/Taba a ki t ap viv Jakmèl te gen avi rechèch dèyè l depi plizyè mwa.
N ap raple misye te sot Jakmèl semèn sa a pou vin enskri pati politik li a nan KEP a.






















