Devan tribinal la ayè mèkredi a, selon sa medya CBS News rapòte, Martine Moïse akize Michel Martelly ak Ariel Henry nan asasina defen mari li Jovenel Moïse. Martine di jij la li kwè Sweet Micky gen pou wè ak lanmò mari li nan mwa jiyè 2021. Pou madanm nan, mesye sa yo jwe gwo wòl nan zak maspinay ki te fèt sou mari li a.
Martine Moïse di anpil biznismann te fache kont mari l paske l te koupe kèk kontan.




















