Pliske gouvènman kòwonpi sa a asasinen lidè nou an, nou pa wè kisa ki pral fè n patisipe nan yon Mondyal k ap òganize nan menm peyi sa a, se sa minis Espò Iranyen an, Ahmad Doyanmali deklare jounen mèkredi sa a. Selon minis la, si se te yon lòt peyi òganizatè ki t ap touye moun an Iran konsa, kominote entènasyonal la t ap gentan reyaji toujou selon minis la.
N ap raple FIFA te retire Larisi nan konpetisyon entènasyonal paske l te atake Ikrèn.




















