Martine Moïse, prensipal temwen e sispèk nan asasina defen prezidan Jovenel Moïse la te parèt devan yon tribinal ameriken kote yo t ap tande l sou asasina Jovenel Moïse 7 jiyè 2021. Martine Moïse te gen dlo nan je l lè l t ap pran lapawòl devan jij la. Malgre li pa vle reponn kesyon lajistis ayisyèn, men Ozetazini kou yo rele l, li reponn.
N ap raple gen 4 koupab ki deja nan prizon kay Tonton Sam pou dosye sa a.




















