DCPJ di l ap chache aktyèl ajan enterimè Pòtoprens lan, Ralph Youri Chévry pou finansman teworis, ak asosiyasyon malfektè, konplis pou kraze Leta. Ansyen depite Arnel Bélizaire ak yon lòt nonm ki rele Smith Joseph gen avi rechèch dèyè pou menm chèf akizasyon yo. Nap raple DCPJ te fouye kay ansyen majistra Pòtoprens la deja.
DCPJ fè konnen moun sa yo trè danjere pou yo pran prekosyon avèk yo.





















