Jan blan yo te mande sa a, Konsèy prezidansyèl san kolòn vètebral la remèt pouvwa bay Alix Didier Fils-Aimé, tchoul ameriken. Nan diskou deplasman li an, Laurent St-Cyr mande pou Alix kontinye mennen batay kont ensekirite a ak ou òganize eleksyon. Pou kounye a, peyi a pati pou yon 3zyèm tranzisyon aprè lanmò Jovenel san pyès moun pa konn ki kote sa ap rive.
Alix Didier Fils-Aimé gen yon boulva devan l pou l kontinye siyen kontra tèt anba.





















