Pa gen okenn preparasyon ki fèt nan peyi a pou ede ayisyen rale yon souf ane sa a ankò. Peyi a chaje fatra, povrete ap fini ak moun yo ti kras pa ti kras. Gang ap sasinen moun toujou pandan gen plizyè milye lèzòt k ap depafini nan kan deplase yo. Nwèl la ane sa a ankò, pa pote anyen nouvo pou popilasyon an pandan mafya ki nan tèt Leta yo ap pyafe nan tout kalite lajan sal.
Pa gen pyès moun k ap fete vre, lè n konsidere kouman lavi chè ap fini ak mas popilè a.




















