Antanke premye sitwayen kapital la, Youry Chévry pa gen dwa ap sibi move trètman sa yo selon pawòl Pierre Espérance, Direktè Egzekitif RNDDH, òganizasyon ki di y ap defann dwa moun yo. Pierre Espérance fè konnen se itilize yo itilize DCPJ pou anmède majistra a. Mouche denonse sa e li kalifye l de pèsekisyon politik. Pierre Espérance kwè mannigans sa yo p ap rive lwen.
Depi dezisyon an pa an favè patizan Pierre Espérance, li kouri pran medya pou denonse l.




















