Enstiti nasyonal syans mediko-legal (INACIF) ki baze an Repiblik Dominikèn konfime jèn Stephora Joseph mouri toufe. Sa yo rele nan lang fransè yon “asphyxie mécanique consécutive à une noyade“. Rapò a presize ti pitit 11 lane a mouri touswit aprè enkapasite l te genyen pou l te respire nan dlo a, sa ki fè yo klase dram sa a kòm yon krim ki fèt ak anpil vyolans.
N ap raple gen 4 responsab lekòl Stephora te ye a ki anba kòd nan dosye sa a.




















