Inite Lit Kont Kòripsyon, nan yon rapò, rekòmande pou pakè mete aksyon piblik an mouvman kont ansyen prezidan Michel Joseph Martelly. Selon ULCC, sitwayen an pat bay laverite lè l t al deklare patrimwàn li. Toujou daprè rapò sa a k al jwenn pakè lendi 8 desanm 2025 lan, anketè yo di towo a pat janm bay detay sou byen mèb ak imèb li posede.
Kounye a jwèt pou lajitis pou l bay peyi a yon ti kout men sou dosye sa a.




















