UTAG, SWAT ak USGPN mennen yon atak sere sere ayè madi 6 me 2025 lan kont teworis Viv Ansanm nan divès kwen nan Pòtoprens, an patikilye nan zòn Pòtay Leyogàn. Anpil bandi tonbe pou yon lòt fwa nan echanj kout bal ak fòs lòd yo pandan gen plizyè dwon ki te lage pou imobilize kriminèl yo. Yon lòt entèvansyon ki koute teworis yo anpil viktim ak gwo dega materyèl.
Dènye jou sa yo, bandi yo pran anpil kal men sa peyi a ap tann se chèf gang yo ki dwe jwenn pa yo.