Prezidan dominiken an, Luis Abinader bay sèvis imigrasyon nan peyi l 50 kamyon ak 8 bis pou yo ka depòte ayisyen ki san papye lakay yo. Nouvo bis sa yo gen twalèt e se sitou fanm yo ta dwe depòte ladan yo plis epi kamyon yo pou gason, selon sa medya lakay vwazen yo rapòte. Anpil òganizasyon dwa moun toujou ap kritike gouvènman dominiken an sou fason l ap fè depòtasyon yo.
Dominiken ap chase ayisyen lakay li, Leta ak Viv Ansanm ap pèsekite ayisyen ki lakay yo an Ayiti.