Aprè midi vandredi 17 mas 2023 a, yon lòt fwa ankò anpil san koule nan komin Petyonvil. Nèg ak zam ki nan gang Vithel’Homme nan touye pou pi piti 3 moun, yo boule anpil machin e anpil lòt dega materyèl anrejistre. Se tèt anba moun Malik ye paske yo pat panse si yo t ap pran nan kou pa konprann sa a.
Nèg ak zam yo mache sou Malik e se sa yo bliye yo pa fè. N ap raple te gen rimè ki t ap kouri e ki te fè kwè bandi yo t ap rive nan zòn kote kay ansyen majistra Lydie Parent ye a.