Gen yon konplo k ap manniganse bò kote abolotcho ki nan pouvwa yo yon fason pou yo ka kontinye dechèpiye peyi papa yo ak manman yo te kite pou yo a. Pawòl la pran lar kote chak blofè ki nan KPT a reklame ant 500 a 600 000 dola ameriken nan fen manda yo. Selon plizyè sous, mesye dam yo dèyè lajan sa a pou sèvis yo di yo rann peyi a.
Pi gwo sèvis nèg sa yo se dechèpiye kès Leta epi livre peyi a bay Viv Ansanm.




















