Gad Kòt Etazini kenbe yon ti bato ki te chaje ak migran nan Pasaj Mona, nan nòdwès Aguadilla, Pòtoriko, pandan li t ap fè tantativ pou antre ilegalman sou teritwa ameriken an. Daprè Gad Kòt yo, operasyon an te fèt 2 septanm 2026, apre yon avyon patwouy Customs and Border Protection te detekte bato a. Lè ekip Gad Kòt la rive sou plas, yo te pran 77 migran abò pou mete yo an sekirite. Pami moun yo te arete yo, te gen 73 sitwayen dominiken, ladan yo 65 gason ak 8 fanm, ansanm ak 4 gason ayisyen.
Aprè pwosedi ki nesesè yo, 75 nan migran yo te repatriye nan Repiblik Dominikèn, kote otorite ameriken yo te remèt yo bay otorite naval dominiken yo nan San Pedro de MacorĂs, vandredi 4 septanm 2026 la.













