Derline Sénat, jounalis, Laetisia Bélizaire, diplomat ak Nelie J. Delmazin ki nan domè biznis, se non 3 briyant fanm sa yo k ap pran lapawòl devan Nasyon Zini. Yo reprezante Ayiti nan kad 70e sesyon komisyon sou dwa fanm “ONU Femme” ap òganize sòti 9 pou rive 19 mas 2026 sa a. Medam sa yo ap pale sou patisipasyon fanm nan vi piblik epi nan espas desizyon yo nan peyi d Ayiti ak nan rès mond lan.
Sesyon “Commission on the Status of Women” se pi gwo rasanbleman ki òganize chak ane nan Nasyonzini, sou egalite fanm ak gason.




















