13 gason, 2 fanm ak 3 ti moun se kantite moun sa yo ki pèdi lavi yo nan yon aksidan sikilasyon ki fèt nan peyi Meksik jounen vandredi 6 oktòb sa a. Gen 27 lòt ki sòti blese e yo kouri avèk yo lopital an ijans. Bis ki te chavire a, daprè kèk medya li te pote yon senkantèn pasaje.
Aksidan sa a ki koute lavi ayisyen ak venezyelyen sa yo fèt an Eta Oaxaca ak Cuacnopalan. Ayisyen pa sispann pèdi lavi yo nan move kondisyon aletranje nan bouske lavi miyò.