Yon lòt dram san parèy rive nan Dèlma 95 aprè yon polisye ki rele Ricardin alyas Toky fin rale zam li epi tire sou yon fanmi ki t ap diskite avèk li pou yon fil kouran ki dekonekte. Lè ti pitit la pale avè l pou mande l poukisa l pouse manman l, se zam li rale epi fizye jèn fi a.
Ti pitit la pran yon bal nan tete l al mouri lopital pandan polisye t ap fè fèt li menm.





















