Avril Junior Jean-Louis, jounalis ak kameramann k ap travay pou TNH viktim agresyon fizik anba men yon polisye ki afekte nan sekirite rapwoche Alix Didier Fils-Aimé. Sa rive pandan konfrè a t ap kouvri vizit premye minis la nan Ri 3 Okap-Ayisyen jounen vandredi 31 jiyè a. Malgre travayè laprès la idantifye l ak badj medya Leta a, polisye a te kontinye frape l nan figi l. Se gras ak entèvansyon minis TPTC ki fè deriv sa a kalme.
Sa repete souvan nan peyi a kote polisye ki nan sekirite rapwoche chèf isit ap bat jounalis san rezon valab.













