Pastè Greroy Toussaint ak ekip li lanse yon petisyon an liy pou bay jarèt ak prezans fòs lame peyi El Salvador a ki nan peyi d Ayiti pou konbat gang yo. “Ayisyen gen dwa viv nan lapè. Ann fè tande vwa nou”, se atravè fraz sa yo lidè evanjelik la lanse petisyon sa a ki deja jwenn apwobasyon anpil sektè nan peyi d Ayiti ak rès mond lan.
Se tout kote moun yo kanpe dèyè prezans peyi Nayib Bukele a nan peyi d Ayiti paske gang yo fè twòp.













