Yon nouvo vòl ki asosye ak operasyon depòtasyon Etazini ap pran direksyon Kap Ayisyen jodi jedi 1è oktòb 2026. Daprè done vòl piblik yo, avyon GXA6121, ki soti Alexandria, Louisiana, ap vwayaje pou Kap Ayisyen. Vòl la antre nan kad seri operasyon depòtasyon ICE ap mennen pou Ayiti. Daprè Human Rights Watch, depi fen TPS pou Ayisyen yo, vòl depòtasyon yo vin pi souvan, pase soti anviwon yon fwa pa mwa pou rive apeprè yon fwa pa semèn.
ICE Flight Monitor, yon inisyativ Human Rights First, itilize done piblik sou mouvman avyon ansanm ak lòt enfòmasyon pou dokimante vòl ki asosye ak operasyon imigrasyon ameriken yo.













