“Si n pa dakò pou n viv ansanm, n ap mouri tankou yon bann idyo” se deklarasyon Wilner Joseph, kandida anba banyè Vikwa, pati Alix Didier Fils-Aimé a. Kandida a fè deklarasyon sa a nan otèl El Rancho pandan l t ap lanse pati a nan Petyonvil ayè dimanch 27 septanm 2026 la. Yon deklarasyon ki trè mal sonnen nan kontèks aktyèl la pou anpil moun e selon yo menm pou l te evite gaf sa a, se pou l te raple se Martin Luther King ki te di sa.
Wilner Joseph kontinye parèt lèd epi trè menasan nan diskou l yo pandan eleksyon poko menm lanse.













