Valery Zidor, 23 zan, plede koupab devan yon tribinal federal ameriken apre li te bay fo enfòmasyon sou sitwayènte li pou l te enskri kòm elektè epi vote nan eleksyon jeneral 2024 la. Daprè Depatman Jistis Etazini, Zidor te deklare sou 2 fòmilè enskripsyon elektè nan Miami-Dade li se sitwayèn amerikèn, anvan li te patisipe nan eleksyon an.
Li fè fas ak akizasyon ki gen rapò ak fo deklarasyon sou sitwayènte li ak vote kòm yon etranje. Si yo kondane l, li riske rive jiska 5 lane prizon federal.













